01/06/2026
📱 Yo retire lajan sou kont MonCash oswa NatCash ou san otorizasyon w. Èske se responsablite pa w?
Yon itilizatè sèvis peman mobil tankou MonCash ak NatCash konstate gen yon retrè 15 000 goud ki fèt sou kont li an, alòske se pa li menm ki te inisye tranzaksyon sa a. Lè li ale nan sèvis kliyan an, yo di li tranzaksyon an te fèt sou nimewo li, kidonk se responsablite li.
Li mande m: kisa lalwa di sou kesyon sa a, epi ki aksyon li ka fè?
Premye konsiderasyon sou kesyon sèvis peman elektwonik yo nou dwe raple sèvis sa yo gen yon rejim espesyal ann Ayiti. Kidonk, se prensip Bank Repiblik Ayiti (BRH) etabli ki reglemante yo, jan Lwa 2012 sou Bank ak Lòt Enstitisyon Finansye yo bay li otorite pou sa.
Nan Sikilè 121 an, Bank Santral egzije apre chak tranzaksyon elektwonik, founisè sèvis peman an dwe bay enfòmasyon sa yo, swa atrave yon resi elektwonik osinon yon mesaj notifikasyon:
a) Nimewo referans tranzaksyon an;
b) Kalite sèvis la (retrè, transfè oswa depo);
c) Non founisè a;
d) Ajan ki fè tranzaksyon an;
e) Idantite benefisyè a oswa moun ki voye lajan an;
f) Dat tranzaksyon an, kantite lajan an ak frè ki aplike yo.
Sa vle di pou tout tranzaksyon ki fèt yo, founisè sèvis an dwe anmezi pou idantifye kiyès ki fè tranzaksyon an ak ki kote li fèt.
Pa egzanp, si w abite nan Latibonit men yon tranzaksyon fèt nan Lwès, sa kapab ede w pwouve se pa ou menm ki dèyè tranzaksyon sa a.
Depi w rive pwouve se pa ou menm ki te otorize tranzaksyon an, antrepriz la kapab pran divès dispozisyon:
1. Ede w idantifye moun ki fè tranzaksyon an;
2. Pran lajan an sou kont benefisyè a epi remete l sou kont ou;
3. Si gen prèv se yon ajan li ki te itilize privilèj li genyen pou l jwenn aksè ak enfòmasyon kliyan yo pou fè fwod, li dwe ranbouse w lajan an;
4. Si se sistèm enfòmatik li yo ki te sibi yon atak oswa yon pirataj ki lakòz pèt la, li dwe remèt ou lajan an.
Antrepriz la gen yon delè maksimòm 20 jou pou jwenn yon solisyon pou pwoblèm ou an.
Si yo pa trete plent ou a avèk satisfaksyon, ou kapab chwazi itilize yon mòd altènatif regleman konfli oswa pote plent devan tribinal ki gen konpetans pou sa (Konpetans tribinal la pral depann de montan ki an litij la).