maître John JEAN LOUIS

maître John JEAN LOUIS Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de maître John JEAN LOUIS, Avocat spécialisé dans le droit du travail, Port au Prince , Centre Ville, Port-au-Prince.

19/02/2024

Gen 3 Tip de , Ou souvan ap rele moun sa yo men W pa janm Konn yo

Ret branche... , gon lòt kap travay sou menm a toujou...

𝗦𝗜’𝗪 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 𝗢𝗨 𝗗𝗘𝗦𝗜𝗗𝗘 𝗞𝗜𝗧𝗘 𝗦𝗔𝗡 𝗢𝗨 𝗣𝗢𝗞𝗢 𝗗𝗜𝗩𝗢̀𝗦𝗘 𝗞𝗜  𝗣𝗥𝗘𝗞𝗢𝗦𝗬𝗢𝗡 𝗝𝗜𝗥𝗜𝗗𝗜𝗞 𝗢𝗨 𝗗𝗪𝗘 𝗣𝗥𝗔𝗡:2 moun konn marye yo ap viv ansanm men p...
23/05/2023

𝗦𝗜’𝗪 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 𝗢𝗨 𝗗𝗘𝗦𝗜𝗗𝗘 𝗞𝗜𝗧𝗘 𝗦𝗔𝗡 𝗢𝗨 𝗣𝗢𝗞𝗢 𝗗𝗜𝗩𝗢̀𝗦𝗘 𝗞𝗜 𝗣𝗥𝗘𝗞𝗢𝗦𝗬𝗢𝗡 𝗝𝗜𝗥𝗜𝗗𝗜𝗞 𝗢𝗨 𝗗𝗪𝗘 𝗣𝗥𝗔𝗡:

2 moun konn marye yo ap viv ansanm men pwoblem yo konn genyen konn fè yo oblije kite san yo pa divòse.

Gen anpil moun ki nan ka sa , mwen vle di nou ke lalwa regle kesyon sa . Lwa ki pale de sa se lwa 10 me 1920 sou divòs ak separasyon de kò ( séparation de corps) ki te pibliye nan monitè nimewo 38 nan dat 19 me 1920. Gen diferans antr separasyon de kò ( séparation de corps) ak separasyon de fè( séparation de fait)

𝗞𝗶 𝗱𝗶𝗳𝗲𝗿𝗮𝗻𝘀 𝗸𝗶 𝗴𝗲𝗻 𝗮𝗻𝘁 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗸𝗼̀ 𝗮𝗸 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗳𝗲̀?

𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗸𝗼̀ ( 𝘀𝗲́𝗽𝗮𝗿𝗮𝘁𝗶𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗰𝗼𝗿𝗽𝘀) a se Yonn nan moun ki kite yo ki chèche avoka Li lal lajistis pou fe konnen ke Li pa viv ak madanm Li ou maril ankò , Li Al mandé jij pou tranche sou separasyon an. separasyon de kò a ka mande selman nan ka ki kapab gen divòs.

Nan ka divòs tribinal ki konpetan pou tande divòs la se tribinal kote domisil konjigal la ye a men nan ka separasyon de kò a ,daprè lwa 10 me 1920 an , tribinal ki konpetan pou tande ka a se tribinal defendè a. Te vin genyen Yon arè Kou kasasyon ki te pran nan dat 2 me 1944 ki di tribinal konpetan an se tribinal kote domisil mari a, kit Li demandè kit Li defendè.Arè sa chanje bagay yo.

koup la pa ka deside ale tribinal pou ansanm yo al mande pou yo separe de kò. Se yonn ki ka fè sa.

Si koup la separe de kò pandan 3 lane yonn nan yo gen dwa mande lajistis pou transfòme jijman an an divòs san yo pa oblije al fè lòt pwosedi divòs .

Separasyon de kò toujou trennen deyèl separasyon dè byen.

Nan separasyon de kò a moun ki marye yo toujou genyen obligasyon pou pote lòt Sékou an ka bezwen, yon moun nan koup la pa ka deside al réfè vi Li apre separasyon de kò.

Nan jijman separasyon de kò a jij la ka tou fikse Yon montan moun afè Li pi bon an dwe bay lòt la chak mwa.

Madan marye a ap toujou pote non mari li tout pandan separasyon sa si nan jijman an jij la pa deside le kontrè.

𝗦𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗳𝗲̀ ( 𝘀𝗲́𝗽𝗮𝗿𝗮𝘁𝗶𝗼𝗻 𝗱𝗲 𝗳𝗮𝗶𝘁) a se lè moun yo marye yo deside kite san yo pa divòse et san yo pa ale pyès kote nan lajistis yo jis deside yo kite . Ka sa se li ki pi alamòd isi .

Nan ka separasyon de fè , moun yo kite yo pap viv ansanm , chak moun fè rout yo san yo pa divòse. men fòm kite sa pa gen pyès efè jiridik. Nan separasyon de fè a pa genyen separasyon byen e Li pa gen pyès ensidans sou patrimwan epou yo.

𝗗𝗲𝘃𝘄𝗮 𝗺𝗮𝗿𝘆𝗮𝗷 𝗹𝗮 𝗻𝗮𝗻 𝗸𝗮 𝘀𝗮 :

Lè 2 moun yo kite sa pa anpeche pou yo reponn à devwa maryaj la. si yonn nan epou yo pa gen mwayen separasyon de fè a oblije lot la pran swen fwaye à kòm sa dwa, si pwen sa pa respekte manm koup ki viktim nan kapab pote plent pou di lòt la pa respekte devwa Li anvè fwaye a e sa pw'al gen repèkisyon sou pwosedi divòs la.

Si moun ki te kite yo deside rekonsilye tout efè jiridik separasyon de kò a ap kanpe. Si yap rekonsilye men kijan yap fè sa: yo pwale nan gref tribinal premye enstans kote domisil mari a ye a pou yo al fè konstate yo tounen. Yo kapab tou bay yon moun yon manda otantik pou al fè sa pou yo.

Pa bliye ni separasyon de kò ni separasyon de fè pa égal ak divòs. Separasyon de kò a gen efè jiridik e separasyon de fè à pa gen pyès efè Jiridik.

Aussi simple que ça !!!

𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/

• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme

• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme

• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/

Quiconque meurt sans étudier le   sera incomplet même dans sa tombe 🕳️
18/04/2023

Quiconque meurt sans étudier le sera incomplet même dans sa tombe 🕳️

𝗠𝗮𝗱𝗮𝗻𝗺  #𝗙𝗼𝘂𝘁𝗯𝗼𝗹𝗲̀ 𝗺𝗮𝘄𝗼𝗸𝗲𝗻  #𝗔𝗰𝗵𝗿𝗮𝗳  #𝗛𝗮𝗸𝗶𝗺𝗶 𝗺𝗮𝗻𝗱𝗲 𝗱𝗶𝘃𝗼̀𝘀 𝗹𝗲̀ 𝗽𝗼𝘂 𝗯𝘆𝗲𝗻 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗲 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝘀𝗼𝘂 𝗻𝗼𝗻  #𝗺𝗮𝗻𝗺𝗮𝗻  #𝗛𝗮𝗸𝗶𝗺𝗶 🥺.💢 𝗦𝗶 𝘀𝗲 𝘁...
14/04/2023

𝗠𝗮𝗱𝗮𝗻𝗺 #𝗙𝗼𝘂𝘁𝗯𝗼𝗹𝗲̀ 𝗺𝗮𝘄𝗼𝗸𝗲𝗻 #𝗔𝗰𝗵𝗿𝗮𝗳 #𝗛𝗮𝗸𝗶𝗺𝗶 𝗺𝗮𝗻𝗱𝗲 𝗱𝗶𝘃𝗼̀𝘀 𝗹𝗲̀ 𝗽𝗼𝘂 𝗯𝘆𝗲𝗻 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗲 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝘀𝗼𝘂 𝗻𝗼𝗻 #𝗺𝗮𝗻𝗺𝗮𝗻 #𝗛𝗮𝗸𝗶𝗺𝗶 🥺.

💢 𝗦𝗶 𝘀𝗲 𝘁𝗲 𝗻𝗮𝗻 𝗣𝗲𝘆𝗶 #𝗗𝗮𝘆𝗶𝘁𝗶 🇭🇹 𝗸𝗼𝗺𝗮𝗻 𝘀𝗮 𝘁𝗮𝗽 𝘆𝗲 ? 𝗘𝘀𝗸𝗲 𝗳𝗶 𝗮 𝘁𝗮𝗽 𝗽𝗲̀𝗱𝗶 𝗻𝗲̀𝘁? 🤔

📌Pou nou reponn kesyon sa ann gade ansanm kisa di nan peyi Maroc sou divòs ak separasyon byen :

Rejim legal la nan peyi Maroc se rejim separasyon byen , nan atik 49 lwa sou la fanmiy nan peyi sa di chak konjwen yo jere patrimwan ki pwòp a yo pandan maryaj la e yo ap rekipere patrimwan yo apre divòs.

Refòm kòd la fanmiy ki fenk fèt nan peyi sa bay posibilite pou epou yo etabli yon kontra maryaj kote yap prevwa jesyon byen yo fè pandan maryaj la , kontra sa ap redije pa vwa “Adoulaire” ki vle di vwa notaryal . Nan kontra sa ki dwe separe ak ak maryaj la epou yo dwe mete yo dakò sou kloz yo ki pa dwe kontrè ak bi maryaj la selon atik 39 kod la fanmiy peyi sa .

Nan ka madanm Hakimi a eske li te fè kontra m pa konnen men si pat gen kontra otomatikman se rejim legal la ki ap aplike kote chak moun ap kite ak pwop patrimwan paw. Rejim sa diferan de rejim legal pa nou an an Ayiti kote tout byen ki fet nan maryaj la se pou nou 2 50-50. Rejim legal nan peyi Maroc plis sanble ak rejim separasyon byen nou an .

Lè foutbolè a mete tout byen sou non manmanl la sa vle di li pa posede anyen se kòmsi li fè don tout sa li posede a Manmanl . Pandan lanmou an te woz la te sipoze met kontwol sou fason byen sa yo ap jere , kote yo ye e pou ranje koze li anka ke ta vin gen divòs.

Pou lakay pa nou mesye dam ann gade pi ba chak rejim yo nan peyi Dayiti pou nou konnen kijan nap marye pou sa ki rive Madan Hakimi a pa rive nou:

Depi’w wè Rejim matrimonial ou dwe konnen ke se yon ansanb règ jiridik ki destine pou òganize rapò sa ki gen pou wè ak patrimwan antr, yon kote epou yo antre yo e, yon lot kote antr epou yo ak lot moun. An Ayiti Yon koup ki vle marye gen chwa pou li chwazi rejim li vle a.

Men jan sa te ye lontan sa vin chanje apre yon dekrè Prezidan Jovenel te pran nan dat 9 avril 2020 an.

𝗔𝗻𝗻 𝗴𝗮𝗱𝗲 𝗿𝗲𝗷𝗶𝗺 𝘆𝗼 𝗮𝗻𝘀𝗮𝗻𝗺:

Nan dwa nou an nan peyi Dayiti ou ka marye sou :

- Rejim kominote légal
- Rejim kominote de mèb réduit ozakè
- Rejim kominote a tit inivèsel
- Rejim separasyon BYEN
- Rejim dotal

Ann gade ansanm kisa chak rejim yo gen ladan yo :

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗹𝗲́𝗴𝗮𝗹:💍

Depi w'ap marye ou pa chwazi fè kontra sou pyès Rejim otomatikman ou marye sou Rejim kominote legal. Se rejim pifò ayisyen marye . Nan rejim sa gen 3 patrimwan ke nou dwe konnen ki konpoze kominote a. Gen byen pwòp mari a , byen pwòp madanm nan ak byen komen.

Byen komen yo gen ladanl byen mèb ke chak epou yo te genyen pandan maryaj la e byen imobilye ke epou yo vin genyen atit onere( onereux) pandan maryaj la.

𝗞𝗶𝘀𝗮 𝗯𝘆𝗲𝗻 𝗺𝗲̀𝗯 𝗹𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝗹𝗮𝗱𝗮𝗻𝗹?

Byen mèb la gen mobilye enteryè , kont bankè yo , lajan likid , tit ou valè de bous, aksyon ki gen nan yon sosyete, fon komès e tou kliyantèl sivil.

Byen mèb pa nati yo ki vle di byen ki atache eksklizivman a yonn nan epou yo fè pati de byen pwòp de chak epou menm lè yo te achte nan maryaj la . Byen mèb pa nati yo , se pantalèt fi a , slip neg la , vètman yo , enstriman travay , aksyon an reparasyon pou yon domaj kòporel elatriye.

𝗕𝘆𝗲𝗻 𝗽𝘄𝗼𝗽 𝗸𝗲 𝗰𝗵𝗮𝗸 𝗲𝗽𝗼𝘂 𝘆𝗼 𝗴𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 :

Se byen mèb ou imèb chak epou yo genyen anvan maryaj la e tou byen imèb aki ou rekeyi pandan maryaj la pa eritaj ( succession) oubyen pa donasyon .

Chak epou menm le yo marye sou rejim kominote legal ka libreman jere e dispize janl vle de byen pwòp li genyen sof imèb kote epou yo abite a ki gen yon estati patikilye.

Anvan 09 avril 2020 tout byen mèb ke epou yo gen padan maryaj la e sa yo te gen avan maryaj la vin tonbe nan kominote a se vle yo tout te pou tou 2 epou yo , konnya apre dekrè 9 avril la se sèl byen mèb ki fèt pandan maryaj la ki pou 2 epou yo.

Tout byen imèb tankou kay teren depi li fèt pandan maryaj la li te met se yonn man epou yo ki fèl li pou tou 2 moun yo mwatye mwatye. Li te met te sou non nenpot nan nou.

Anplis tout byen imèb tankou Kay , teren nou achte pandan nou marye à vin pou nou 2 mwatye pou mwatye li te met se Yon sel nan nou ki travay ki fèl.

Men tou tout dèt yonn nan moun marye yo ta gen depi jou selebrasyon maryaj la se det nou tout.( Atik 1186 e swivan kod sivil)

Konnya Rejim kominote legal la ke pifò ayisyen marye sou li a gen kèk avantaj ak kek enkonvenyan .

Rejim sa nan avantaj jenn moun ki ap marye ki poko posede gran choz. Se rejim legal la ,moun yo pa bezwen al kay notè pou depanse lajan . Si yonn nan konjwen yo mouri lot la gen mwatye byen komen yo e si yap divòse pataj la ap fasil paske tout byen yo achte pandan maryaj la chak epou yo gen mwatye.

Men Pwoblèm rejim legal la genyen si yonn nan epou yo gen dèt moun ou enstitisyon li dwe a ka sezi ni byen pwòp moun ki dwe a ni byen komen yo pou li touche . Men si yonn nan konjwen yo ta achte yon byen avek lajan ki soti nan byen pwop li pandan maryaj la byen sa pa rantre nan kominote a , se byen pesonel li men fok li ka pwouve kot lajan an soti.

Pwoblem toujou rejim sa ka bay anpil fwa moun yo divòse separasyon an ki mwatye mwatye konn penalize yonn ki travay di anpil kote lot la konn ap grate santi , fè parese. Ou ka we se yonn nan epou yo ki travay di fe byen li lot la kouche domi epi kon yo kite sanzave ou sanzavez ki pat travay fe okenn byen gen mwatye nan byen yo.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗿𝗲́𝗱𝘂𝗶𝘁 𝗼𝘇𝗮𝗸𝗲̀:💍

Nan Rejim sa se sel byen koup la fè pandan yo marye a ki pou yo 2.

Sa Yonn nan yo ta posede anvan maryaj se afè pal menm lè lap divose . Si pa egzamp ou ta posede Yon gwo bus k'ap fè okap anvan ou marye depi se sou Rejim sa ou marye madanm ou mari ou pa gen anyen pou wè ladanl , selman lèw lwe bus la oubyen kob trafik la se kob nou tou lè 2.( Atik 1283 e swivan kod sivil). Dèt ke madanm ou mari fè pandan maryaj la se dèt nou tou lède. Men yon moun yon epou dwe pa ka sezi salè avek gen pesonel chak konjwen yo . Si yonn nan konjwen yo al fè yon prè oubyen yon kosyonnman lap angaje kominote a selman si tou 2 konjwen yo te dakò e konsanti. Nan rejim sa konjwen yo modifye kontra a pou mete pa egzanp ke sil mouri lot la ka eritye tout byen kominote a net.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗶𝗻𝗶𝘃𝗲̀𝘀𝗲𝗹:💍

Si ou chwazi marye sou Rejim sa , tout byen ni ou menm ak madanm ou oubyen mari ou te posede ni anvan maryaj ni apre maryaj vin byen nou tou lè 2. Li te met se te donasyon, eritaj tout net se pou koup la . Si yonn nan nou mouri lot la genyen 50% de tout byen yo net an lagan.lot konjwen vivan an kapab tou genyen 100% byen yo si sa te mansyone nan kontra a.

Si se divose nou divose menm le yonn nan konjwen yo ta Yon voryen apre divòs la chak moun ap jwenn 50% nan tout byen yo.(Atik 1311 e swivan kod sivil)

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗕𝗬𝗘𝗡:💍

Sou Rejim sa sel marye nou marye men chak moun jere byen paw. Kelkeswa date yonn nan epou yo ta achte byen an , Avan ou pandan maryaj la , se byen pa Li. Si ou ak madanm ou oubyen ou ak mari'w ta achte Yon byen ansanm pou 100 dola mari à met 80 dola madanm nan met 20 dola, si nou divòse chak moun ap pran kantite w te mete à. (Atik 1321 e swivan kod sivil). Se rejim ki asire pi gran endepandans epou yo , se rejim gran neg yo , rejim lè patrimoine fanmiy yo gran. Si yonn nan moun yo al fé dèt se dèt pa li. Rejim sa enjis si yonn nan konjwen yo pap regle anyen e si li pa gen aktivite kap rapotel lajan si divòs mete pye sa ki te vin pov pwale tou pòv.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗱𝗼𝘁𝗮𝗹:💍
Depiw wè "dot" sa vle di se byen fanm nan pote pou mari li pou kapab sipote chaj maryaj la.

Byen sa yo ke fi a pote a kapab divize an 2 , premyèman se byen dotal yo kote ke se mari a kap administre yo e jwi yo e byen "extra-dotaux" ou byen "paphernaux" ke fanm nan ap administre e jwi yo li menm.

Dot la kapap konsène tout byen ke fanm nan genyen e tout byen lap gen pou genyen, oubyen tout byen fanm nan genyen selman ou yon pati de byen kel genyen, sa ka menm konsène yon objè endividyèl. ( at 1325 e, swivan kod sil la)

https://www.facebook.com/fleremelaw/

✍🏽✍🏽✍🏽

Fok mwen di nou Gen kek bon chanjman ki fet nan rejim matrimonyal yo avek dekrè 9 avril 2020 an pami yo :

🟡pa egzanp si kay kote koup la abite a se byen pwop yon konjwen kelkeswa rejim matrimonyal la depi li mouri lot konjwen an ap ret jui kay la e pyes eritye konjwen ki mouri a pap ka metel deyò . Men fok konjwen suvivan an pa ni remarye ni plase , depi lal fe yonn nan yo eritye konjwen ki mouri a ka metel deyò

🟡yon lot bagay ki enpotan nan dekrè 9 avril 2020 an sou rejim matrimonyal yo depi moun ki marye yo ap ekzèse pwofesyon separe oubyen menm pwofesyon yo kapab antann yo nan enterè fanmiy lan pou yo modifye oubyen chanje antyèman rejim yo marye a , men gen jan sa dwe fèt e modifikasyon sa ou chanjman an kapab fèt yon sel fwa pandan maryaj la. Anvan dekrè sa ou pat ka chanjel konnya ou kapab men fok tou 2 konjwen yo dakò.

Si nou tonbe nan ka Madanm Hakimi a pinga nou vin di Mèt P-Lex pat pote ti kal limyè pou nou .

Si nou apresye teks la fèm santi sa nan yon ti kòmantè e like paj la pou vin fè Pati gran kominote jiridik Mèt P-Lex la .

#𝐦𝐚𝐢𝐭𝐫𝐞 maître John JEAN LOUIS

#𝐋𝐞 #𝐝𝐫𝐨𝐢𝐭 #𝐂' #𝐞𝐬𝐭 #𝐦𝐚 #𝐏𝐀𝐒𝐒𝐈𝐎𝐍 ⚖️ !!!

𝐒𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞 : 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖

🤔 𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧  #𝐏𝐎𝐍𝐘𝐀,  #𝐄𝐒𝐊𝐎𝐍𝐓, 𝐏𝐫𝐞𝐭𝐞  #𝐋𝐀𝐉𝐀𝐍 𝐚𝐤 𝐠𝐰𝐨  #𝐄𝐍𝐓𝐄𝐑𝐄̀ 🥺                  𝐊𝐢𝐬𝐚  #𝐋𝐀𝐋𝐖𝐀⚖️ 𝐝𝐢:📌An   anpil moun konn ge...
03/04/2023

🤔 𝐊𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 #𝐏𝐎𝐍𝐘𝐀, #𝐄𝐒𝐊𝐎𝐍𝐓, 𝐏𝐫𝐞𝐭𝐞 #𝐋𝐀𝐉𝐀𝐍 𝐚𝐤 𝐠𝐰𝐨 #𝐄𝐍𝐓𝐄𝐑𝐄̀ 🥺
𝐊𝐢𝐬𝐚 #𝐋𝐀𝐋𝐖𝐀⚖️ 𝐝𝐢:

📌An anpil moun konn gen gwo pwoblèm konn oblije al pran , 𝐞 genyen ki al , nan , pou pran prè ak gwo bout tonton enterè. 🤦‍♂️

📌𝙈𝙚𝙣 𝙆𝙞𝙨𝙖 #𝙡𝙖𝙡𝙬𝙖 𝙥𝙚𝙮𝙞 𝘿𝙖𝙮𝙞𝙩𝙞 𝙙𝙞 𝙨𝙤𝙪 𝙨𝙖:

F𝐨̀k mwen di nou te gen yon #4 1936 sou ki te pibliye nan jounal ofisyèl monitè nimero 21 nan dat 9 mas 1936, aprè sa te vin gen dekrè 10 avril 1970 sou menm bagay la ki te vin modifye pa dekrè 08 avril 1980. Nan atik premye dekrè 1980 an li di ke to enterè konvansyonèl nan matyè sivil komèsyal fikse a 20%. To sa ki gen ladanl pwodui nèt maksimòm ke tout kapital ki prete a kapab remèt bay pretè a swa sou fòm prè, eskont ou tout lot fason.

📌 2 , menm dekrè 1980 an te di " " se 𝐲on . " " 👉 se lè yon moun ou yon enstitisyon ap prete moun lajan sou fòm prè, eskont elatriye a yon to ki depase #20%.

📌Lè yon enstans sivil ou komèsyal pwouve ke yon prè konvansyonèl te fèt ak yon to enterè ki te piwo ke 20% montan moun ou enstitisyon an fè w peye anplis la lajistis tap fel virel kom enterè ou tap gen pou bay sou prè a selon dire kontra a. Si ou pat dwe anko lajistis tap kondane pretè a poul remet ou montan li te pran anplis sou ou a avek yon to legal de 10% a pati de jou ou te bay kob sa.

Menm dekre 1980 an li te di tout moun ki te koupab de "delit d'usure" tap gen pou peye yon amand soti 200 goud rive 500 goud oubyen yon anprizonman soti yon mwa rive 3 mwa prizon. Si moun nan refe sa anko lap pran 2 pèn yo.

Malerezman Jounen jodia tout bank, tout enstitisyon ki ap bay kredi, tout moun ki ap bay ponya ak to byen wo pa ilegal paske nan dat 17 me 1995 Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te pran yon dekrè ki te pibliye nan monitè nimero 50 dat 29 jen 1995, dekrè ansyen prezidan Titid la te vin bay posibilite pou bay moun prè ak to enstitisyon an vle , san limit . Dekrè sa te vin siprime afè plafon to enterè konvansyonèl la e li te abwoje dekrè 8 avril 1980, dekrè 2 avril 1981 ak dekrè premye desann 1976 sou kesyon to denterè.

𝙈𝙚𝙣 𝙠𝙞𝙟𝙖𝙣 𝙨𝙖 𝙮𝙚 𝙠𝙚̀𝙠 𝙡𝙤̀𝙩 𝙠𝙤𝙩𝙚:

Nan anpil peyi nan mond la pou pwoteje konsomatè yo lalwa fikse yon plafon. Nou ka pran kom egzanp kebèk kanada kote ke atik 347 kod kriminel L. R. C di yon yo to ki depase 60% sou yon lane konsidere kom yon to enterè kriminel. Nan nivo sivil selon jirispridans ( Riendeau c. Compagnie de la Baie d'Hudson, C.S. 2004-10-19.) yon to ki plis ke 35% konsidere kom yon to abizif men yon to ki 28.8 % nomal.

Selon lwa sou pwoteksyon konsomatè Kebèk si yon to depase 60% ou ka adresew direkteman a la polis pou yo arete tou suit moun ki bay to sa , si to a enferyè a 60% ou ka chache chimen lajistis pou yo swa koupe kontra a, oubyen yo retire nan to a ak ranbousman sak peye deja.

Antouka Depi apre dekrè 17 me 1995 ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide la tout moun ak tout enstitisyon mete to yo vle, jan yo vle. Kesyon Ponya, eskont, prè ak gwo bout enterè pa ilegal nan peyi Dayiti.

maître John JEAN LOUIS

#𝐒𝐚𝐧𝐬 #𝐥𝐞 #𝐝𝐫𝐨𝐢𝐭 ⚖️, #𝐫𝐢𝐞𝐧 #𝐧𝐞 #𝐕𝐚!!!

𝐒𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞 : 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

𝐒𝐈  #𝐦𝐚𝐫𝐢 𝐰 𝐎𝐔𝐁𝐘𝐄𝐍  #𝐦𝐚𝐝𝐚𝐧𝐦 𝐨𝐮 𝐓𝐄 𝐆𝐄𝐍 𝐘𝐎𝐍  #𝐓𝐄̀𝐑𝐄𝐍 𝐀𝐍𝐕𝐀𝐍 𝐌𝐀𝐑𝐘𝐀𝐉 💍, 𝐍𝐎𝐔 𝐕𝐈𝐍  #𝐊𝐎𝐍𝐒𝐓𝐖𝐈 𝐒𝐎𝐔 𝐋𝐈 𝐏𝐀𝐍𝐃𝐀𝐍 𝐍𝐎𝐔 𝐌𝐀𝐑𝐘𝐄 💍,  𝐒𝐈 𝐍𝐎𝐔 ...
29/03/2023

𝐒𝐈 #𝐦𝐚𝐫𝐢 𝐰 𝐎𝐔𝐁𝐘𝐄𝐍 #𝐦𝐚𝐝𝐚𝐧𝐦 𝐨𝐮 𝐓𝐄 𝐆𝐄𝐍 𝐘𝐎𝐍 #𝐓𝐄̀𝐑𝐄𝐍 𝐀𝐍𝐕𝐀𝐍 𝐌𝐀𝐑𝐘𝐀𝐉 💍, 𝐍𝐎𝐔 𝐕𝐈𝐍 #𝐊𝐎𝐍𝐒𝐓𝐖𝐈 𝐒𝐎𝐔 𝐋𝐈 𝐏𝐀𝐍𝐃𝐀𝐍 𝐍𝐎𝐔 𝐌𝐀𝐑𝐘𝐄 💍, 𝐒𝐈 𝐍𝐎𝐔 𝐀𝐑𝐈𝐕𝐄 #𝐝𝐢𝐯𝐨̀𝐬𝐞 𝐊𝐎̀𝐌𝐀𝐍 𝐁𝐘𝐄𝐍 𝐒𝐀 𝐀𝐏 𝐒𝐄𝐏𝐀𝐑𝐄? 🤷‍♂️
𝐎𝐤 !
📌Sa rive anpil moun kote yo renmen ak yon moun ki te gentan fè ti ekonomi e achte yon tèren , apre maryaj moun yo met tèt ansanm yo konstwi yon kay . Apre kèk tan maryaj pwoblèm vin mete pye epi divòs.

Apre divòs si te gen byen konn gen separasyon byen , kòm pifò ayisyen marye sou rejim kominote legal , konnya kay sa ki fèt la sou teren yonn nan epou yo te gen anvan maryaj kòman l’ap separe?

Fòk mwen di nou gen yon règ jiridik ki se
« 𝑨𝒄𝒄𝒆𝒔𝒐𝒓𝒊𝒖𝒎 𝒑𝒓𝒊𝒏𝒄𝒊𝒑𝒂𝒍𝒆 𝒔𝒆𝒒𝒖𝒊𝒕𝒖𝒓 »ki siyifi an fransè « 𝑳’𝒂𝒄𝒄𝒆𝒔𝒔𝒐𝒊𝒓𝒆 𝒔𝒖𝒊𝒕 𝒍𝒆 𝒑𝒓𝒊𝒏𝒄𝒊𝒑𝒂𝒍 ». jiridikman règ jiridik sa vle di si yon byen oubyen deveni byen sa depann de yon lòt byen li kapab konsidere jiridikman kòm akseswa li. Yon egzanp si ou gen teren ou yon moun monte sou li mal li konstwi pil kay li apre jijman se kay ou kay la ye paske lalwa ayisyèn di « 𝒍𝒆 𝒑𝒓𝒐𝒑𝒓𝒊𝒆́𝒕𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒅𝒖 𝒅𝒆𝒔𝒔𝒐𝒖𝒔 𝒆𝒔𝒕 𝒆́𝒈𝒂𝒍𝒆𝒎𝒆𝒏𝒕 𝒑𝒓𝒐𝒑𝒓𝒊𝒆́𝒕𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒅𝒖 𝒅𝒆𝒔𝒔𝒖𝒔».

Kon nou rantre nan domèn matrimonyal se yon lòt bagay . Se vre yonn nan epou yo te gen teren an anvan maryaj e yo vin konstwi li apre maryaj , epou ki te posede tèren an pa kapab di se pou li tout kay la ye .

Nan yon arè kou kasasyon te pran nan dat 6 jiyè 1943 li di règ dwa sivil ki prezime ke pwoprietè teren an se li ki pwoprietè tout sa ki sou li pa aplikab an matyè kominotè. Konstriksyon ki fèt sou teren pèsonel yon nan epou yo prezime ke se lajan kominote a ki fè kay la sa vle di se tou 2 moun yo ki kontribye pou li fèt. Yonn nan epoux yo pa ka anrichi sou do lòt la , kidonk jan yo di an dwa kominote a dwe rekonpanse.

Si moun yo te marye sou rejim kominote legal men kijan byen sa ap separe : epou ki te gen teren li anvan ap gen valè teren li nòmalman pou li sèl , kay la ap evalye e chak epou yo ap gen 50% sou valè kay la. Kidonk epou ki te posede teren an anvan maryaj la ap gen teren an plis mwatye nan valè kay la . Yo ka antann yo pou yonn achte pati pa lòt la.

Kek referans: atik 546 , 1222 kòd sivil la e arè kou kasasyon 6 jiyè 1943.

maître John JEAN LOUIS

𝐒𝐚𝐧𝐬 𝐥𝐞 #𝐝𝐫𝐨𝐢𝐭 𝐫𝐢𝐞𝐧 𝐧𝐞 𝐕𝐚... !!!

𝐒𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞 : 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖𝑺𝒂𝒗𝒐𝒊𝒓 𝒇𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒍𝒂 𝒅𝒊𝒇𝒇𝒆́𝒓𝒆𝒏𝒄𝒆 𝒆𝒏𝒕𝒓𝒆 𝘂𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗰𝗮𝘁 𝗲𝘁 𝘂𝗻 𝗷𝘂𝗿𝗶𝘀𝘁𝗲⚖📌La plupart du temps, les gens confondent le métier d’avocat ...
19/03/2023

⚖𝑺𝒂𝒗𝒐𝒊𝒓 𝒇𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒍𝒂 𝒅𝒊𝒇𝒇𝒆́𝒓𝒆𝒏𝒄𝒆 𝒆𝒏𝒕𝒓𝒆 𝘂𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗰𝗮𝘁 𝗲𝘁 𝘂𝗻 𝗷𝘂𝗿𝗶𝘀𝘁𝗲⚖
📌La plupart du temps, les gens confondent le métier d’avocat et de juriste. Certains ont même tendance à penser qu’il s’agit d’un seul et même métier. Ce qui est complètement faux. Le métier d’avocat et celui de juriste sont effectivement complémentaires, mais ils sont tout à fait différents. Bien que le juriste et l’avocat sont tous deux des personnes de loi, ils ont suivi des parcours différents et ont des fonctions distinctives.

📌Les différences entre un avocat et un juriste

Bien que le juriste et l’avocat sont tous les deux des personnes qui ont suivi des études en droit, le métier d’avocat diffère complètement de celui de juriste en quelques points :

Les fonctions

Les mandataires

Les réglementations

Qu’est-ce qu’un juriste et qu’est-ce qu’un avocat ?

Par définition, un juriste est une personne qui a comme fonction de donner des conseils juridiques pour son mandataire. C’est effectivement sa fonction principale. Pour cela, il a des compétences particulières sur les droits, notamment les droits des entreprises, les droits immobiliers, etc. C’est ce qui lui permet de donner des consultations juridiques en cas de besoin.
Un avocat, quant à lui, est une personne qui a comme fonctions d’assister ses clients et de les défendre dans tous les domaines touchant le juridique, même en dehors de la cour de justice. En plus de plaider pour la cause de son client, un avocat joue également le rôle de conseiller, et peut être sollicité lors de signature légale de contrat entre deux parties.

Juriste et avocat : pour qui travaillent-ils ?

Il est à rappeler que le terme de juriste se dit plus précisément « juriste d’entreprise ». Ce qui veut dire que le juriste est un employé en interne, qui se fait engager par une entreprise. Il joue le rôle de consultant en interne pour cette entreprise, dit son client.
Quant à un avocat, il travaille en toute indépendance.
maître John JEAN LOUIS

𝑺𝒂𝒏𝒔 𝒍𝒆 #𝒅𝒓𝒐𝒊𝒕 ⚖️ 𝒓𝒊𝒆𝒏 𝒏𝒆 𝑽𝒂...

𝐒𝐈  #𝗠𝗔𝗥𝗜 𝘄 𝐎𝐔𝐁𝐘𝐄𝐍  #𝗠𝗔𝗗𝗔𝗡𝗠  𝐎𝐔 𝐓𝐄 𝐆𝐄𝐍 𝐘𝐎𝐍  #𝐓𝗘̀𝐑𝐄𝐍 𝐀𝐍𝐕𝐀𝐍  #𝐌𝐀𝐑𝐘𝐀𝐉 , 𝐍𝐎𝐔 𝐕𝐈𝐍 𝐊𝐎𝐍𝐒𝐓𝐖𝐈 𝐒𝐎𝐔 𝐋𝐈 𝐏𝐀𝐍𝐃𝐀𝐍 𝐍𝐎𝐔  #𝐌𝐀𝐑𝐘𝐄 💍,  𝐒𝐈 𝐍𝐎...
13/03/2023

𝐒𝐈 #𝗠𝗔𝗥𝗜 𝘄 𝐎𝐔𝐁𝐘𝐄𝐍 #𝗠𝗔𝗗𝗔𝗡𝗠 𝐎𝐔 𝐓𝐄 𝐆𝐄𝐍 𝐘𝐎𝐍 #𝐓𝗘̀𝐑𝐄𝐍 𝐀𝐍𝐕𝐀𝐍 #𝐌𝐀𝐑𝐘𝐀𝐉 , 𝐍𝐎𝐔 𝐕𝐈𝐍 𝐊𝐎𝐍𝐒𝐓𝐖𝐈 𝐒𝐎𝐔 𝐋𝐈 𝐏𝐀𝐍𝐃𝐀𝐍 𝐍𝐎𝐔 #𝐌𝐀𝐑𝐘𝐄 💍, 𝐒𝐈 𝐍𝐎𝐔 #𝐃𝐈𝐕𝐎̀𝐒𝐄 🤦‍♂️𝐊𝐎̀𝐌𝐀𝐍 𝐁𝐘𝐄𝐍 𝐒𝐀 𝐀 #𝐒𝐄𝐏𝐀𝐑𝐄?🤷‍♂️

Sa rive anpil moun kote yo renmen ak yon moun ki te gentan fè ti e achte yon , apre maryaj moun yo met tèt ansanm yo konstwi yon kay . Apre kèk tan maryaj pwoblèm vin mete pye epi divòs.

Apre divòs si te gen byen konn gen separasyon byen , kòm pifò ayisyen marye sou rejim kominote legal , konnya kay sa ki fèt la sou teren yonn nan epou yo te gen anvan maryaj kòman l’ap separe?

Fòk mwen di nou gen yon règ jiridik ki se
« 𝑨𝒄𝒄𝒆𝒔𝒐𝒓𝒊𝒖𝒎 𝒑𝒓𝒊𝒏𝒄𝒊𝒑𝒂𝒍𝒆 𝒔𝒆𝒒𝒖𝒊𝒕𝒖𝒓 »ki siyifi an fransè « 𝑳’𝒂𝒄𝒄𝒆𝒔𝒔𝒐𝒊𝒓𝒆 𝒔𝒖𝒊𝒕 𝒍𝒆 𝒑𝒓𝒊𝒏𝒄𝒊𝒑𝒂𝒍 ». jiridikman règ jiridik sa vle di si yon byen oubyen deveni byen sa depann de yon lòt byen li kapab konsidere jiridikman kòm akseswa li. Yon egzanp si ou gen teren ou yon moun monte sou li mal li konstwi pil kay li apre jijman se kay ou kay la ye paske lalwa ayisyèn di « 𝒍𝒆 𝒑𝒓𝒐𝒑𝒓𝒊𝒆́𝒕𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒅𝒖 𝒅𝒆𝒔𝒔𝒐𝒖𝒔 𝒆𝒔𝒕 𝒆́𝒈𝒂𝒍𝒆𝒎𝒆𝒏𝒕 𝒑𝒓𝒐𝒑𝒓𝒊𝒆́𝒕𝒂𝒊𝒓𝒆 𝒅𝒖 𝒅𝒆𝒔𝒔𝒖𝒔».

Kon nou rantre nan domèn matrimonyal se yon lòt bagay . Se vre yonn nan epou yo te gen teren an anvan maryaj e yo vin konstwi li apre maryaj , epou ki te posede tèren an pa kapab di se pou li tout kay la ye .

Nan yon arè kou kasasyon te pran nan dat 6 jiyè 1943 li di règ dwa sivil ki prezime ke pwoprietè teren an se li ki pwoprietè tout sa ki sou li pa aplikab an matyè kominotè. Konstriksyon ki fèt sou teren pèsonel yon nan epou yo prezime ke se lajan kominote a ki fè kay la sa vle di se tou 2 moun yo ki kontribye pou li fèt. Yonn nan epoux yo pa ka anrichi sou do lòt la , kidonk jan yo di an dwa kominote a dwe rekonpanse.

Si moun yo te marye sou rejim kominote legal men kijan byen sa ap separe : epou ki te gen teren li anvan ap gen valè teren li nòmalman pou li sèl , kay la ap evalye e chak epou yo ap gen 50% sou valè kay la. Kidonk epou ki te posede teren an anvan maryaj la ap gen teren an plis mwatye nan valè kay la . Yo ka antann yo pou yonn achte pati pa lòt la.

Kek referans: atik 546 , 1222 kòd sivil la e arè kou kasasyon 6 jiyè 1943.

maître John JEAN LOUIS ⚖️

𝗦𝗮𝗻𝘀 𝗹𝗲 #𝗱𝗿𝗼𝗶𝘁⚖️ 𝗿𝗶𝗲𝗻 𝗻𝗲 𝗩𝗮 !!!

𝗦𝗼𝘂𝗿𝗰𝗲: 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

𝗦𝗜   #𝗘𝘅𝘁𝗿𝗮𝗶𝘁  #𝗱' #𝗔𝗿𝗰𝗵𝗶𝘃𝗲 𝗈𝗎 ,  #𝗔𝗰𝘁𝗲  #𝗱𝗲  #𝗻𝗮𝗶𝘀𝘀𝗮𝗻𝗰𝗲 𝗈𝗎,  #𝗔𝗰𝘁𝗲  #𝗺𝗮𝗿𝗶𝗮𝗴𝗲 𝗈𝗎,  #𝗔𝗰𝘁𝗲  #𝗱𝗶𝘃𝗼𝗿𝗰𝗲  𝗼𝘂 𝗴𝗲𝗻  #𝗘𝗿𝗲̀ 𝗹𝗮𝗱𝗮𝗻 ...
09/03/2023

𝗦𝗜 #𝗘𝘅𝘁𝗿𝗮𝗶𝘁 #𝗱' #𝗔𝗿𝗰𝗵𝗶𝘃𝗲 𝗈𝗎 , #𝗔𝗰𝘁𝗲 #𝗱𝗲 #𝗻𝗮𝗶𝘀𝘀𝗮𝗻𝗰𝗲 𝗈𝗎, #𝗔𝗰𝘁𝗲 #𝗺𝗮𝗿𝗶𝗮𝗴𝗲 𝗈𝗎, #𝗔𝗰𝘁𝗲 #𝗱𝗶𝘃𝗼𝗿𝗰𝗲 𝗼𝘂 𝗴𝗲𝗻 #𝗘𝗿𝗲̀ 𝗹𝗮𝗱𝗮𝗻 𝗹 𝗼𝘂𝗯𝘆𝗲𝗻 𝗹𝗶 𝗽𝗮 #𝗔𝗻𝗿𝗲𝗷𝗶𝘀𝘁𝗿𝗲 𝗱𝗶𝘁𝗼𝘂...

𝗞𝗶𝘀𝗮 #𝗟𝗮 #𝗹𝗼𝗶 𝗱𝗶 𝗽𝗼𝘂 𝗳𝗲̀ 𝗻𝗮𝗻 #𝗣𝘄𝗼𝗯𝗹𝗲̀𝗺 𝗦𝗮 ?🤔

📌An lè yo di se #𝗔𝗰𝘁𝗲 #𝗢𝗳𝗳𝗶𝗰𝗶𝗲𝗿 #𝗱' #𝗘́𝘁𝗮𝘁 #𝗖𝗶𝘃𝗶𝗹 yo fè. Preske chak komin nan peyi a genyen Yon sa vlé di Yon biwo eta sivil e se nan biwo sa yo fe , #𝗔𝗸 , #𝗔𝗸 , #𝗔𝗸 , elatriye...Tout biwo sa yo genyen eta sivil pou yo anregistre sa ki fet yo. Chak rejis sa yo gen doub e chak sa ki fèt anregistre nan tou de. Nan fen lane rejis sa yo fèmen e yo voye Yon egzanplè nan Achiv nasyonal .

📌Toutotan Yon ofisye eta sivil rete nan pòs li li gade yonn nan Régis yo e Li kapab bay ekstrè ak Li anrejistre yo.

📌Rejis eta sivil yo kontwole chak peryòd pa tribinal premye enstans, e lè Yon ofisye eta sivil kite travay Li pou Yon rezon kelkonk Li transmèt nan gref tribinal premye enstans zòn Li an tout rejis ki te rete nan Biro Li pandan Li te an fonksyon.

📌Achiv nasyonal Li menm Li genyen an prensip Yon doub de tout rejis sivil peyi a. Sitwayen yo kapab lè yo vle mande yon ekstrè de ak yo nan biwo Achiv nasyonal. Pou Yon batistè pa egzanp sitwayen an bezwen prezante tout enfòmasyon sou nesans Li. Kom enfomasyon sitwayen a ka bay batistè li , si Li pa genlli ka bay ak batèm si li se katolik oubyen Yon prév prezantasyon otanp sili pwotestan pou Achiv fe rechèch la pou li.

📌Si Achiv pa jwenn li , si ofisye a fè ere oubyen rejis sa ta pèdi ou andomaje li pa rive nan Achiv , Achiv ap ba ou Yon "setifika négatif"

📌Men tou ou konn jwenn li , non ou , dat nesans ou, non papaw manmanw elatriye konn mal ekri. Sa ki konn fè sa pafwa se depi lè paran'w ap bay ofisye a non ou li te mal ekri li, oubyen ofisye a ekri li jan li vle, erè a tou konn rive nan Achiv nasyonal , lè yap tape sa ki sou régis la yo fè erè.

📌Ou imajinew ou fè tout klas ou ak siyati paran'w ki se "Flereme" konnya lè w bezwen fè Yon paspò ki egzije ekstrè ou mande Achiv yonn yo ba ou li ak non "Fleurime". Menm Jan avem m kwe gen anpil nan nou ki viktim de pwoblem sa.

📌Anvan nou al wè kisa pou nou fè pou korije batistè nou Ann gade kisa lalwa di sou kesyon an.

🔴Le Yon timoun fèt paran Li jeneralman dwe deklare nesans lan devan ofisye eta sivil kote ti moun nan fèt la oubyen devan ofisye eta sivil kote paran timoun nan rete . Lalwa di fok deklarasyon sa fèt nan mwa akouchman an. Si apre 2 lane dat lalwa prevwa deklarasyon nesans lan pa fèt ou pwal bezwen Yon jijman tribinal sivil nan jiridiksyon kot ti moun nan fèt la ou tribinal kote paran ti moun nan rete pou ofisye a ka mete Li nan rejis Li yo.( Atik 55 kòd sivil)

🔴Si paran ti moun nan mouri moun ki vle deklare ti moun sa bay ofisye eta sivil la dwe refere Li a Dwayen tribinal sivil la l'ap voye Yon rekèt bay Dwayen an pou mande Li rann Yon òdonans pou otorize ofisye a resevwa deklarasyon nesans lan. Jijman sa an fransè rele " tenant lieu d'acte de naissance" ( Atik 55 alinéa 6 kòd sivil).

𝙎𝙖 𝙥𝙤𝙪 𝙛𝙚̀ 𝙨𝙞 𝙗𝙖𝙩𝙞𝙨𝙩𝙚̀𝙬 𝙥𝙖 𝙖𝙣𝙧𝙚𝙟𝙞𝙨𝙩𝙧𝙚:

🔴Avek batistè ou wap mande Achiv si wi oubyen non siyati ofisye a ki anba ak la se vreman siyati li. Si répons lan se wi wap adresew à Dwayen an ki pwal rann Yon jijman " au rang des minutes" nan jijman sa Dwayen an ap òdone Achiv pou Li konsidere batistè a e pou Li ba'w ekstrè ak sa.

𝙎𝙖 𝙥𝙤𝙪 𝙛𝙚̀ 𝙨𝙞 𝙮𝙤 𝙛𝙚̀ 𝙚𝙧𝙚̀ 𝙣𝙖𝙣 𝙣𝙤𝙣'𝙬:

🔴Si ou rele " Pelex Flereme" lè ou al fè ekstrè ou wè se " Pelix Flereme" yo mete ou dwe pote kesyon an devan Dwayen tribinal sivil pou kapab genyen Yon " jugement d'identité". Dwayen an pwal deside ke ni Pelex Flereme e ni Pelix Flereme se menm moun nan e dezòmè non ou se Pelex Flereme. Lè sa wap jwenn ekstrè à Jan jijman an di sa.

🔴Si nesans ti moun nan pa deklare Yon mwa apre akouchman an Jan Atik 55 kòd sivil la di sa, si paran yo vivan, pou yo ka jwenn batistè ti moun nan yap fè Yon jijman yo rele " jugement de déclaration tardive de naissance" si paran yo mouri yap refere yo ak sa yo rele " jugement tenant lieu d'acte de naissance ".

𝙀 𝙨𝙞 𝙮𝙤𝙣 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙙𝙚𝙨𝙞𝙙𝙚 𝙘𝙝𝙖𝙣𝙟𝙚 𝙣𝙤𝙣 𝙇𝙞 𝙣𝙚𝙩 ?

🔴Nan dat 29 me 1968 te genyen Yon dekrè- lwa ki te modifye Atik 813 kòd pwosedi sivil la sou zafè chanje non. Dekrè sa di tout moun ki gen Yon non ki pa koresponn ak non ki sou ak eta sivil Li yo kapab fè jijman pou korije sa . Men aprè sa Li entèdi fòmèlman pou Yon moun chanje non ak siyati Li volontèman.

maître John JEAN LOUIS

⚖️, ❌

Source : 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

💍💍𝗦𝗜’𝗪 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 💍𝗗𝗘𝗝𝗔 𝗢𝗨𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗢𝗨 𝗣𝗪𝗔’𝗟 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘👬, 𝗢𝗨 𝗗𝗪𝗘 𝗞𝗢𝗡𝗡𝗘𝗡 𝗞𝗜𝗦𝗔 𝗞𝗜 𝗡𝗔𝗡 𝗥𝗘𝗝𝗜𝗠 𝗠𝗔𝗧𝗥𝗜𝗠𝗢𝗡𝗬𝗔𝗟 𝗬𝗢 𝗣𝗢𝗨 𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗖𝗛𝗪𝗔𝗭𝗜 .            m...
08/03/2023

💍💍𝗦𝗜’𝗪 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘 💍𝗗𝗘𝗝𝗔 𝗢𝗨𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗢𝗨 𝗣𝗪𝗔’𝗟 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗘👬, 𝗢𝗨 𝗗𝗪𝗘 𝗞𝗢𝗡𝗡𝗘𝗡 𝗞𝗜𝗦𝗔 𝗞𝗜 𝗡𝗔𝗡 𝗥𝗘𝗝𝗜𝗠 𝗠𝗔𝗧𝗥𝗜𝗠𝗢𝗡𝗬𝗔𝗟 𝗬𝗢 𝗣𝗢𝗨 𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗖𝗛𝗪𝗔𝗭𝗜 .
men Kèk detay...

Depi’w wè Rejim matrimonial ou dwe konnen ke se yon ansanb𝗥𝗲̀𝗴 𝗝𝗶𝗿𝗶𝗱𝗶𝗸⚖️ ki destine pou òganize rapò ki gen pou wè ak patrimw𝗮̀n ant yon kote epou👬 yo antre yo e, yon lot kote ant epou yo👫 ak lot moun. An Ayiti 🇭🇹 2 𝗺𝗼𝘂𝗻 👫 ki vle marye 💍gen chwa pou li chwazi rejim li vle a 🤷.

Men jan sa te ye lontan sa vin chanje apre yon dekrè Prezidan Jovenel te pran nan dat 9 avril 2020 an ⚖️.

Nan ti teks sa w𝗽𝗿𝗮𝗹 gen chans pou wè avantaj ak enkonvenyan chak rejim yo.

𝗔𝗻𝗻 𝗴𝗮𝗱𝗲 𝗿𝗲𝗷𝗶𝗺 𝘆𝗼 𝗮𝗻𝘀𝗮𝗻𝗺:

Nan dwa nou an nan peyi Dayiti 🇭🇹 ou ka marye sou :

- Rejim kominote légal
- Rejim kominote de mèb réd𝘄𝗶 ozakè
- Rejim kominote a tit inivèsel
- Rejim separasyon BYEN
- Rejim dotal

Ann gade ansanm kisa chak rejim yo gen ladan yo :

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗟𝗲𝗴𝗮𝗹:💍

Depi w'ap marye ou pa chwazi fè kontra sou pyès Rejim otomatikman ou marye sou Rejim kominote legal. Se rejim pifò ayisyen marye . Nan rejim sa gen 3 patrimwan ke nou dwe konnen ki konpoze kominote a. Gen byen pwòp mari a , byen pwòp madanm nan ak byen komen.

Byen komen yo gen ladanl byen mèb ke chak epou yo te genyen pandan maryaj la e byen imobilye ke epou yo vin genyen atit onere( onereux) pandan maryaj la.

𝗞𝗶𝘀𝗮 𝗯𝘆𝗲𝗻 𝗺𝗲̀𝗯 𝗹𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝗹𝗮𝗱𝗮𝗻𝗹?

Byen mèb la gen mobilye enteryè , kont bankè yo , lajan likid , tit ou valè de bous, aksyon ki gen nan yon sosyete, fon komès e tou kliyantèl sivil.

Byen mèb pa nati yo ki vle di byen ki atache eksklizivman a yonn nan epou yo fè pati de byen pwòp de chak epou menm lè yo te achte nan maryaj la . Byen mèb pa nati yo , se pantalèt fi a , slip neg la , vètman yo , enstriman travay , aksyon an reparasyon pou yon domaj kòporel elatriye.

𝗕𝘆𝗲𝗻 𝗽𝘄𝗼𝗽 𝗸𝗲 𝗰𝗵𝗮𝗸 𝗲𝗽𝗼𝘂 𝘆𝗼 𝗴𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 :

Se byen mèb ou imèb chak epou yo genyen anvan maryaj la e tou byen imèb aki ou rekeyi pandan maryaj la pa eritaj ( succession) oubyen pa donasyon .

Chak epou menm le yo marye sou rejim kominote legal ka libreman jere e dispize janl vle de byen pwòp li genyen sof imèb kote epou yo abite a ki gen yon estati patikilye.

Anvan 09 avril 2020 tout byen mèb ke epou yo gen padan maryaj la e sa yo te gen avan maryaj la vin tonbe nan kominote a se vle yo tout te pou tou 2 epou yo , konnya apre dekrè 9 avril la se sèl byen mèb ki fèt pandan maryaj la ki pou 2 epou yo.

Tout byen imèb tankou kay teren depi li fèt pandan maryaj la li te met se yonn man epou yo ki fèl li pou tou 2 moun yo mwatye mwatye. Li te met te sou non nenpot nan nou.

Anplis tout byen imèb tankou Kay , teren nou achte pandan nou marye à vin pou nou 2 mwatye pou mwatye li te met se Yon sel nan nou ki travay ki fèl.

Men tou tout dèt yonn nan moun marye yo ta gen depi jou selebrasyon maryaj la se det nou tout.( Atik 1186 e swivan kod sivil)

Konnya Rejim kominote legal la ke pifò ayisyen marye sou li a gen kèk avantaj ak kek enkonvenyan .

Rejim sa nan avantaj jenn moun ki ap marye ki poko posede gran choz. Se rejim legal la ,moun yo pa bezwen al kay notè pou depanse lajan . Si yonn nan konjwen yo mouri lot la gen mwatye byen komen yo e si yap divòse pataj la ap fasil paske tout byen yo achte pandan maryaj la chak epou yo gen mwatye.

Men Pwoblèm rejim legal la genyen si yonn nan epou yo gen dèt moun ou enstitisyon li dwe a ka sezi ni byen pwòp moun ki dwe a ni byen komen yo pou li touche . Men si yonn nan konjwen yo ta achte yon byen avek lajan ki soti nan byen pwop li pandan maryaj la byen sa pa rantre nan kominote a , se byen pesonel li men fok li ka pwouve kot lajan an soti.

Pwoblem toujou rejim sa ka bay anpil fwa moun yo divòse separasyon an ki mwatye mwatye konn penalize yonn ki travay di anpil kote lot la konn ap grate santi , fè parese. Ou ka we se yonn nan epou yo ki travay di fe byen li lot la kouche domi epi kon yo kite sanzave ou sanzavez ki pat travay fe okenn byen gen mwatye nan byen yo.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗿𝗲́𝗱𝘂𝗶𝘁 𝗼𝘇𝗮𝗸𝗲̀:💍

Nan Rejim sa se sel byen koup la fè pandan yo marye a ki pou yo 2.

Sa Yonn nan yo ta posede anvan maryaj se afè pal menm lè lap divose . Si pa egzamp ou ta posede Yon gwo bus k'ap fè okap anvan ou marye depi se sou Rejim sa ou marye madanm ou mari ou pa gen anyen pou wè ladanl , selman lèw lwe bus la oubyen kob trafik la se kob nou tou lè 2.( Atik 1283 e swivan kod sivil). Dèt ke madanm ou mari fè pandan maryaj la se dèt nou tou lède. Men yon moun yon epou dwe pa ka sezi salè avek gen pesonel chak konjwen yo . Si yonn nan konjwen yo al fè yon prè oubyen yon kosyonnman lap angaje kominote a selman si tou 2 konjwen yo te dakò e konsanti. Nan rejim sa konjwen yo modifye kontra a pou mete pa egzanp ke sil mouri lot la ka eritye tout byen kominote a net.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗸𝗼𝗺𝗶𝗻𝗼𝘁𝗲 𝗶𝗻𝗶𝘃𝗲̀𝘀𝗲𝗹:💍

Si ou chwazi marye sou Rejim sa , tout byen ni ou menm ak madanm ou oubyen mari ou te posede ni anvan maryaj ni apre maryaj vin byen nou tou lè 2. Li te met se te donasyon, eritaj tout net se pou koup la . Si yonn nan nou mouri lot la genyen 50% de tout byen yo net an lagan.lot konjwen vivan an kapab tou genyen 100% byen yo si sa te mansyone nan kontra a.

Si se divose nou divose menm le yonn nan konjwen yo ta Yon voryen apre divòs la chak moun ap jwenn 50% nan tout byen yo.(Atik 1311 e swivan kod sivil)

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝘀𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗕𝗬𝗘𝗡:💍

Sou Rejim sa sel marye nou marye men chak moun jere byen paw. Kelkeswa date yonn nan epou yo ta achte byen an , Avan ou pandan maryaj la , se byen pa Li. Si ou ak madanm ou oubyen ou ak mari'w ta achte Yon byen ansanm pou 100 dola mari à met 80 dola madanm nan met 20 dola, si nou divòse chak moun ap pran kantite w te mete à. (Atik 1321 e swivan kod sivil). Se rejim ki asire pi gran endepandans epou yo , se rejim gran neg yo , rejim lè patrimoine fanmiy yo gran. Si yonn nan moun yo al fé dèt se dèt pa li. Rejim sa enjis si yonn nan konjwen yo pap regle anyen e si li pa gen aktivite kap rapotel lajan si divòs mete pye sa ki te vin pov pwale tou pòv.

🔴𝗥𝗲𝗷𝗶𝗺 𝗱𝗼𝘁𝗮𝗹:💍
Depiw wè "dot" sa vle di se byen fanm nan pote pou mari li pou kapab sipote chaj maryaj la.

Byen sa yo ke fi a pote a kapab divize an 2 , premyèman se byen dotal yo kote ke se mari a kap administre yo e jwi yo e byen "extra-dotaux" ou byen "paphernaux" ke fanm nan ap administre e jwi yo li menm.

Dot la kapap konsène tout byen ke fanm nan genyen e tout byen lap gen pou genyen, oubyen tout byen fanm nan genyen selman ou yon pati de byen kel genyen, sa ka menm konsène yon objè endividyèl. ( at 1325 e, swivan kod sil la)

https://www.facebook.com/fleremelaw/

✍🏽✍🏽✍🏽

Fok mwen di nou Gen kek bon chanjman ki fet nan rejim matrimonyal yo avek dekrè 9 avril 2020 an pami yo :

🟡pa egzanp si kay kote koup la abite a se byen pwop yon konjwen kelkeswa rejim matrimonyal la depi li mouri lot konjwen an ap ret jui kay la e pyes eritye konjwen ki mouri a pap ka metel deyò . Men fok konjwen suvivan an pa ni remarye ni plase , depi lal fe yonn nan yo eritye konjwen ki mouri a ka metel deyò

🟡yon lot bagay ki enpotan nan dekrè 9 avril 2020 an sou rejim matrimonyal yo depi moun ki marye yo ap ekzèse pwofesyon separe oubyen menm pwofesyon yo kapab antann yo nan enterè fanmiy lan pou yo modifye oubyen chanje antyèman rejim yo marye a , men gen jan sa dwe fèt e modifikasyon sa ou chanjman an kapab fèt yon sel fwa pandan maryaj la. Anvan dekrè sa ou pat ka chanjel konnya ou kapab men fok tou 2 konjwen yo dakò.

@ maître Pelerme...

𝘗𝘰𝘶 𝘯𝘰𝘶 𝘦𝘬𝘳𝘪 𝘵𝘦𝘬𝘴 𝘴𝘢 𝘯𝘰𝘶 𝘱𝘶𝘪𝘻𝘦 𝘯𝘢𝘯:
- 𝘬𝘰𝘥 𝘴𝘪𝘷𝘪𝘭 𝘈𝘺𝘪𝘴𝘺𝘦𝘯 𝘢𝘯 𝘴𝘰𝘵𝘪 𝘢𝘵𝘪𝘬 1173 𝘙𝘪𝘷𝘦 𝘯𝘢𝘯 𝘢𝘵𝘪𝘬 1366
- 𝘓𝘪𝘷 𝘔𝘢𝘫𝘪stra 𝘔𝘢𝘳𝘵𝘦𝘭 𝘑𝘦𝘢𝘯 𝘊𝘭𝘢𝘶𝘥𝘦 𝘦𝘬𝘳𝘪 𝘴𝘰𝘶 𝘳𝘦𝘫𝘪𝘮 𝘮𝘢𝘵𝘳𝘪𝘮𝘰𝘯𝘺𝘢𝘭 𝘺𝘰
- 𝘓𝘪𝘷 𝘔𝘦 𝘗𝘢𝘵𝘳𝘪𝘤𝘬 𝘓𝘢𝘶𝘳𝘦𝘯𝘵 𝘦𝘬𝘳𝘪 𝘬𝘪 𝘳𝘦𝘭𝘦 𝘗𝘢𝘳𝘦𝘯𝘵𝘩𝘦̀𝘴𝘦 𝘑𝘶𝘳𝘪𝘥𝘪𝘲𝘶𝘦 𝘭𝘢
- 𝘋𝘦𝘬𝘳𝘦̀ 09 𝘢𝘷𝘳𝘪𝘭 2020 𝘴𝘰𝘶 𝘳𝘦𝘫𝘪𝘮 𝘮𝘢𝘵𝘳𝘪𝘮𝘰𝘯𝘺𝘢𝘭 𝘺𝘰
- 𝘈𝘯𝘴𝘺𝘦𝘯 𝘵𝘦𝘬𝘴 𝘔𝘦 𝘗𝘦𝘭𝘦𝘹 𝘍𝘭𝘦𝘳𝘦𝘮𝘦 𝘵𝘦 𝘱𝘪𝘣𝘭𝘪𝘺𝘦 𝘴𝘰𝘶 𝘳𝘦𝘫𝘪𝘮 𝘮𝘢𝘵𝘳𝘪𝘮𝘰𝘯𝘺𝘢𝘭 𝘺𝘰

Adresse

Port Au Prince , Centre Ville
Port-au-Prince

Téléphone

+50942577744

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque maître John JEAN LOUIS publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à maître John JEAN LOUIS:

Partager