Nul n'est censé ignorer la loi.

Nul n'est censé ignorer la loi. DROIT & JUSTICE

Desizyon administrativ yo pa irevokab, yo ka fè rekou kont yo. Lalwa esplike diferan tip rekou yo e se sa nimewo sa tret...
22/08/2025

Desizyon administrativ yo pa irevokab, yo ka fè rekou kont yo. Lalwa esplike diferan tip rekou yo e se sa nimewo sa trete. Anplis rekou grasye devan otorite ki pran desizyon an, gen yon ògan siperyè ki la pou tranche sou rekou grasye nan fonksyon piblik la apre fonksyonè a fin fè l si l pa mache. Ògan sa se Konsèy siperyè administrasyon ak fonksyon piblik la (CSAFP). Nap sonje sa, yon fonksyonè ki pa vle fè rekou grasye oubyen rekou yerachik ka annik sezi Lakoudèkont (CSCCA) ak yon rekou kontansye e kòm se yon ògan jiridiksyonèl,li gen konpetans pou l tranche sou desizyon an. Fonksyonè a gen yon entèval 90 jou delè apati desizyon an pou l sezi Lakoudèkont, si delè a pase rekou a pap resevab ankò. Alo fonksyonè! www.alo.fonksyone.org

Kèk konsta montre diferans tretman ki genyen ant fonksyonè ak kontraktyèl. Si pou fonksyonè yo, gen yon barèm salè presi...
02/07/2025

Kèk konsta montre diferans tretman ki genyen ant fonksyonè ak kontraktyèl. Si pou fonksyonè yo, gen yon barèm salè presi e fiks pou kalkile salè yo, pou kontraktyèl yo, administrasyon yo gen libète pou yo deside. Konsta yo montre salè sa yo varye de yon administrasyon a yon lòt pou ajan kontraktyèl yo ki pa touche sou yon menm baz, pou yon menm pòs, salè yo varye ant kontraktyèl ki nan administrasyon diferan. Gen diferans tou ant salè fonksyonè ak kontraktyèl pou yon menm pòs, sa ki kreye gwo fwistrasyon pafwa. Leta dwe pran bonjan mezi pou regilarize e titilarize kontraktyèl ki nan pòs pèmanan yo e ki rekondwi plis pase 2 fwa pou evite devlope yon fonksyon piblik paralèl ki ka rann jesyon administrasyon an pi lou. Alo fonksyonè!
www.alofonksyone.org

28/06/2025
Onè respè pou tout fonksyonè alawonnbadè nan okazyon jounen mondyal fonksyonè yo. Alo fonksyonè!www.alofonksyone.org
24/06/2025

Onè respè pou tout fonksyonè alawonnbadè nan okazyon jounen mondyal fonksyonè yo. Alo fonksyonè!
www.alofonksyone.org

Nòmalman yo fè konkou pou angaje ajan kontraktyèl nan yon seri anplwa tanporè. Selon sikilè 003 sou rasyonalizasyon fonk...
17/06/2025

Nòmalman yo fè konkou pou angaje ajan kontraktyèl nan yon seri anplwa tanporè. Selon sikilè 003 sou rasyonalizasyon fonksyon piblik la ak kontra sèvis konyraktyèl nan administrasyon piblik la, ajan kontraktyèl yo benefisye yon kontra sèvis valab pou yon egzèsis fiskal e ki ka renouvle sèlman yon fwa. Si se kontraktyèl ki afekte a biwo Minis, sekretè Deta, prezidans ak sekretarya prive yo, kontra yo fini apati depa otorite sa yo. Kidonk zafè kontraktyèl la reponn a yon seri bezwen tanporè atik 13 e swivan dekrè 17 me 2005 sou fonksyon piblik la klè sou sa. Malerezman nan anpil enstitisyon piblik, se ajan kontraktyèl ki ranpli yon seri anplwa pèmanan e kòm bezwen an pèmanan, yo oblije renouvle kontra sa yo chak ane an vyolasyon dispozisyon sikilè 003 ak dekrè sou fonksyon piblik nou sot site a. Se yon gwo pwoblèm ki ka debouche sou yon kriz, Otorite yo dwe pran mezi ijan pou titilarize kontraktyêl ki nan anplwa pèmanan yo nan sousi pou sekirize anplwa ak respè prensip kontinite sèvis piblik la. Alo fonksyonè
www.alofonksyone.org

10/06/2025

Nan okazyon jounen mondyal achiv la 9 jen 2025, Alo fonksyonè ap atire atansyon fonksyonè ak desidè yo sou nesesite pou mye jere ak pwoteje achiv ki se memwa enstisisyon piblik yo. Achiv tèlman neglije nan fonksyon piblik ayisyen an, lè yo bezwen pini yon fonksyonè se nan seksyon achiv yo transfere l. Yo konsidere sèvis achiv yo tankou kote yo voye fonksyonè yo pa bezwen epoutan sêvis achiv yo jwe yon wòl enpòtan nan responsabilite, nan transparans ak nan pwoteje dwa sitwayen yo pa mwayen aksè a enfòmasyon. Li lè li tan pou nou wê kesyon achiv la yon lòt fason. Nan okazyon jounen mondyal achivaj la, ann reflechi sou sa. Alo fonksyonè
www.alofonksyone.org

Fonksyon piblik Ayiti a òganize sou baz karyè, sa vle di pèspektiv pou moun yo anboche yo pase yon bon ti tan ladan e po...
03/06/2025

Fonksyon piblik Ayiti a òganize sou baz karyè, sa vle di pèspektiv pou moun yo anboche yo pase yon bon ti tan ladan e pou yo gen opòtinite pran pwomosyon ak okipe lòt fonksyon ki pi enpòtan selon konesans ak eksperyans yo vin genyen. Se pou sa tout rekritman kap fèt nan fonksyon piblik la dwe chita sou aptitid, merit ak disiplin pou asire sekirite anplwa ak garanti kontinite sèvis piblik de kalite. Dekrè sou fonksyon piblik la klè sou sa.
Anpil dispozisyon ka ede nan rann rekritman yo pi konpetitif e sibi mwens enfliyans. Si otorite yo aplike dispozisyon ki gen rapò ak konkou rekritman ki nan dekrè 17 mai 2005 sou stati fonksyon piblik la ak nan arete 2 avril 2013 sou òganizasyon konkou rekritman nan fonksyon piblik la, sa ka ede nan redwi ka favoritis ki se yon pwazon pou kalite sèvis piblik yo, péfòmans administrasyon an ak devlopman peyi a. Zouti teknolojik yo ka redwi enfliyans, tankou itilizasyon SIGRH la ( Système Interministériel de Gestion des Ressources Humaines) nan otomatize pwosesis jesyon RH yo. Alo Fonksyonè!

Enfòmasyon sou fonksyon piblik Ayiti, entegrasyon epi dwa ak devwa fonksyonè.

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=415069334610343&id=100083218388099&mibextid=Nif5oz
28/05/2025

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=415069334610343&id=100083218388099&mibextid=Nif5oz

Alo Fonksyonè!
Nan okazyon fèt agrikilti ak travay la, Alo fonksyonè salye tout agrikiltè ak kiltivatè ki pa sispann travay latè malgre difikilte, kanal ak rivyè ki pa netwaye, absans irigasyon, deregleman klimatik, ensekirite elatriye. Ayiti se yon peyi esansyèlman agrikòl, se pi gwo potansyèl e pi gwo sektè aktivite peyi a. Si peyizan pa plante manje pap desann lavil.
Alo Fonksyonè ap pwofite atire atansyon chak fonksyonè, chak sitwayen sou arete 3 Me 1938 la ki te adopte sou prezidan Stenio Vincent. Arete sa konsakre " journée de l'arbre", jounen pyebwa ki ta dwe marye ak fèt agrikilti ak travay la. Arete sa egzije tout lekòl pou yo ògànize débat sou enpòtans pyebwa lavèy "jounen pyebwa" a e montre aklè nesesite pou rebwazman. Nan jounen pyebwa a menm dwe gen gwo kandyanwou pou plante, chak sitwayen dwe plante omwen yon pyebwa.
Sèvis ekstansyon agrikòl responsab pou founi pepinyè kap pèmèt gen ase plant disponib. Otorite sivil, militè kou relijye dwe pote konkou yo bay "Sèvis Nasyonal Pwodiksyon Agrikòl ak ansèyman Riral" ( SNPA & ER) pou reyisit jounen pyebwa a.
Fonksyonè, sitwayen, sonje sa, nou rete mwens pase 1% kouvèti forestyè, kidonk peyi a toutouni. Si an 1938, li te nesesè pou gen " yon jounen pyebwa", lè n konsidere debwazman an ki akselere akoz sous enèjetik peyi a itilize ki se an majorite chabon bwa ak bwa chofaj, eske li pa endispansab pou n ta gen plizyè jounen pyebwa ? Yon semèn pyebwa, yon mwa oubyen pou n ta plante pandan tout ane a?
Alo Fonksyonè ankouraje n plante!

Adresse

Pétionville
HT6142

Téléphone

+50946057187

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nul n'est censé ignorer la loi. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Nul n'est censé ignorer la loi.:

Partager