05/25/2026
𝗡𝗢𝗨 𝗧𝗔𝗡𝗗𝗘 𝗚𝗘𝗡 𝗬𝗢𝗡 𝗠𝗘𝗦𝗬𝗘 𝗞𝗜 𝗥𝗘𝗟𝗘 𝗧𝗘̀𝗧 𝗟𝗜 𝗣𝗔𝗦𝗔 𝗣𝗔𝗦𝗔 𝗞𝗜 𝗗𝗜 𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗙𝗢̀ 𝗦𝗢𝗨 𝗥𝗘𝗭𝗢 𝗦𝗢𝗦𝗬𝗢 𝗞𝗘 𝗟𝗜 𝗦𝗘 𝗞𝗔𝗗𝗘𝗝𝗔𝗞È 𝗟𝗜 𝗩𝗬𝗢𝗟𝗘 𝗣𝗟𝗜𝗭𝗬È 𝗙𝗔𝗡𝗠. 𝗘𝗦𝗞𝗘 𝗬𝗢 𝗗𝗪𝗘 𝗔𝗥𝗘𝗧𝗘 𝗟𝗜? 𝗞𝗜𝗝𝗔𝗡 𝗟𝗔𝗝𝗜𝗦𝗧𝗜𝗦 𝗗𝗪𝗘 𝗝𝗘𝗥𝗘 𝗦𝗔?
Tou dabò m vle nou konnen ke nap fonksyone nan yon eta dedwa , jan de deklarasyon sa yo ki piblik dwe pouse lajistis pou li aji . se vre pa gen viktim ki pote plent fòmèl pou mesye a men li fè ave de krim grav kote li di li se vyolè li se kadejakè.
𝗞𝗶𝘀𝗮 𝗹𝗮𝗷𝗶𝘀𝘁𝗶𝘀 𝗱𝘄𝗲 𝗳𝗲̀?
1- ouvri yon ankèt serye sou kesyon an
2- ankèt sa pwal pèmèt verifikasyon kredibilite deklarasyon sa
3- Ankèt la ap ede idantifye moun ki te viktim ou temwen ki te ka pè pale ou pote plent .
4- Ankèt sa pwal pèmet lajistis kolekte prèv yo di genyen
5-odisyone moun ki fè deklarasyon sa yo ak tout akolit li ki ap sipote deklarasyon yo.
Kadejak se yon krim ki trè grav , yon moun ap klerone tout kote li fouye men nan bouboun fi , peze tete , koke fi san ko santman , komisè gouvenman an kapab mete aksyon piblik an mouvman kont moun sa paske krim sa yo touche lòd piblik e sekirite kokektivite a . Lajistis pa oblije atann ke yon viktim pote plent pou li aji. Deklarasyon mesye a deja se yon baz solid pou DCPJ. mennen ankèt e pou pakè mete aksyon piblik an mouvman.
sepandan fòk prensi esansyel yo tankou prezompsyon inosans , Dwa a yon pwosè ekitab , e nesesite prev reyèl ak verita respekte. yon senp deklarasyon sou rezo sosyo ou laprès pa sifi pou otomatikman kondane yon moun men deklarasyon sa yo kapab konstitye yon eleman deklanchè pou kapab gen yon ankèt serye.
Si yon moun chita wap klerone nan rezo sosyo kew fè krim kew ponyen bouboun fanm san konsantman epi lajistis pa ta fè anyen tout moun ap byen konprann ke se feblès lajostis ki lakoz .
𝗘𝘀𝗸𝗲 𝘆𝗼 𝘁𝗮 𝗱𝘄𝗲 𝗮𝗿𝗲𝘁𝗲 𝗺𝗲𝘀𝘆𝗲 𝗮 𝗼𝘁𝗼𝗺𝗮𝘁𝗶𝗸𝗺𝗮𝗻 ?
Non , nan domèn dwa yon arestasyon dwe jeneralman repoze sou eleman ki serye ki ka pèmèt nou kwè ke enfraksyon an fet vre e si yo pa arete moun sa li ka mawon, li ka detwi prèv, li ka entimode temwen , li ka refè sa ankò.
Deklarasyon yon endividi ki di li fè kadejak se yon motif serye pou gen ankèt , men se poko arestasyon paske nan yon eta dedwa pa ka gen arestasyon otomatik pou ankèt inikman akoz pawol ki sanble pwovokasyon , mizansèn. Men depi deklarasyon sa yo detaye , repete , koyeran, e yo akonpaye de endis ou prèv yo dwe mare mesye a kou krab pou trennen li devan lajistis.
Lajistis dwe jwenn yon ekilib ant pwoteksyon sosyete a, rechèch verite e respè libète fondamantal yo.
Nan ka sa Me Pelex mande DCPJ pou mennen ankèt prese prese sou kesyon sa , konvoke mesye a vin bay eksplikasyon sou deklarasyon sa yo paske nou pa ka kite moun tou ap fè pwomosyon pou kadejak , vyole fanm ak lòt krim nan sosyete a .
𝘼𝙐𝙎𝙎𝙄 𝙎𝙄𝙈𝙋𝙇𝙀 𝙌𝙐𝙀 𝘾̧𝘼!
𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣
⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️
𝗣𝗼𝘂 𝗽𝗿𝗮𝗻 𝗿𝗮𝗻𝗱𝗲𝘃𝗼𝘂 𝗼𝘂 𝗸𝗼𝗻𝘀𝗶𝗹𝘁𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗸 𝗠𝗲 𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲 𝗸𝗹𝗶𝗸𝗲 𝘀𝗼𝘂 𝗹𝘆𝗲𝗻 𝘀𝗮: https://PrenezUnRendezvous.as.me/
𝗣𝗼𝘂 𝗷𝘄𝗲𝗻𝗻 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝗹𝘄𝗮 𝗣𝗲𝘆𝗶 𝗗𝗮𝘆𝗶𝘁𝗶 𝗮𝗸 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝗸𝗼̀𝗱 𝘆𝗼 𝗸𝗹𝗶𝗸𝗲 𝗹𝗮 𝗽𝗼𝘂 𝘁𝗲𝗹𝗲𝗰𝗵𝗮𝗷𝗲 𝗣-𝗟𝗲𝘅 𝗔𝗽𝗽 𝗴𝗿𝗮𝘁𝗶𝘀 𝘀𝗼𝘂 𝗽𝗹𝗮𝘆 𝘀𝘁𝗼𝗿𝗲 𝗮𝗸 𝗔𝗽𝗽𝘀𝘁𝗼𝗿𝗲 : https://bit.ly/47KtTxx
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/
• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme
• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme
• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/